Responsab ak manb « Rotary Club Léogâne » yo, sè Compagnes de Jésus yo, relijye ak relijyez yo, notab yo, responsab lòt lekòl yo, elèv yo, jèn yo ak tout moun Leogan, Bonjou.

Nou reprezante lekòl Pè Joseph CLAESSENS e nou fè pati yon klèb nan lekòl la ki rele « GRD : Jesyon Risk ak Dezas»
12 Janvye 2010 – 12 Janvye 2026, sa pral fè 16 lane depi peyi nou an, Ayiti, te viktim de yon katastròf natirèl ke anpil nan nou konnen, ki make lavi nou e ke nou pap janm bliye, men timoun ki gen kenz lane yo pa konnen l. Nan memwa tout viktim yo an nou pran yon moman silans, pandan nap imajine yon van mechan ki kraze kay, yon dlo kap monte tankou yon vanyan gason, yon tranbleman ki fè tè a souke tankou yon timoun ki pè. Nan moman sa, nap panse ak se Esta Joseph ki te direktris lekòl St Rose de Lima avèk sè Ananie Labadee, mesye ak madanm Yves Désiré, ki te mèt lekol kolèj Yves Désiré, ak tout lòt moun ki pèdi nan lavi yo nan jou terib sa. ……………… (Mèsi)
Nan jou ki te 12 janvye 2010, a katrè senkant-twa minit nan aprè midi, tè a te tranble pandan anviwon dis segond ak yon manyetid 7.3 sou echèl Richter. Se te youn nan pi gwo katastròf ki frape peyi nou, Ayiti. Tranbleman tè a te frape, Potoprens, kapital la ak kèk lot depatman men episant lan se te leyogan e li te fè anpil dega. Dapre chif ofisyel yo, te genyen ant 230.000 e 280.000 moun ki te pèdi lavi yo, te genyen tou anviwon 300.000 moun ki te blese epi pou pi piti 1 milyon 500 mil moun te pèdi kay yo. Apre tranbleman tè a, te gen anpil difikilte tankou :
- Manke manje
- Manke dlo
- Medikaman
- Materyel sanitè
- Kote pou moun dòmi
- Pat gen ase lopital se sak fe yo te itilize kèk kote pou fè kèk lopital byen vit pou yo te ka pran swen moun ki blese yo.
Plizyè moun te oblije viv nan kan pandan plizyè mwa e menm plizyè ane. Tranbleman de tè sa montre nou kijan peyi nou an, Ayiti, pat prepare pou yon dezas konsa. Anpil kay pat respekte règleman konstriksyon ki pou pwoteje moun, se sa ki fè anpil nan yo te kraze.
Jodi a nou dwe aprann kijan pou nou konstwi pi byen pou proteje lavi nou. Se pou sa tou nou dwe aprann timoun yo ak granmoun yo kijan pou yo aji pandan tranbleman tè a, e lè li fin pase. Men kèk konsèy nou pote pou nou :
Pandan yon tranbleman tè
- Siw anndan kay pa kouri sòti, siw kouri sòti san kontwòl, beton, tol, bwa kapab tonbe sou ou.
- Siw gen tab, kabann oubyen nenpòt lòt mèb ki ka sipòte chòk, rantre anba yo pou ka sekirize laviw.
- Si gen posibilite pouw sòti, al kanpe yon kote ki vid, kote ki pa gen poto ak fil kouran.
Aprè yon tranbleman tè
- Pa janm bliye pou nou pote sekou ak sila yo ki viktim
- Siw gen mwayen, ede moun ki nan bezwen
- Sila yo ki anba dekonm siw kapab, ede yo sòti
- Siw gen kote lakay ou, ou ka resevwa moun kay yo kraze.
Katastròf natirèl toujou kite gwo mak nan lavi moun, malgre tout tristès, espwa pap janm disparèt. Aprè trajedi sa mantalite moun yo te komanse chanje, ayisyen yo te konprann enpòtans prevansyon, solidarite. Kounye a, gen anpil moun ki kòmanse konprann kijan pou yo konstwi kay, pandan gen anpil lòt ki kontinye ap konstwi sou kanal ak sou ravin.
Nou aprann lavi gen anpil valè epi sekirite dwe pase an premye.
Ayiti se yon peyi jèn, sa vle di avni an nan men nou. Nou se timoun, nou se jèn, nou se espwa demen, nou dwe ini nou plis. Ansann ann voye yon mesaj fò : Jèn ayisyen kanpe, ini, nap rebati Ayiti, nap chanje fason nou panse epi nap bati yon pi bon avni.
klike nan lyen sa pou ka viv patisipasyon leköl EPJC







